———————————————————————————————————
Powèm yo se envokasyon
entèpelasyon pou pwezi monte
danse nan tèt nou.
—
Milokan trase pou rèv alagouy
vini danse djayi sou fèy blanch.
—
Pawoli yo se pousyè, sann layite
nan kat van.
—
Kwen kat fasad
kote lavi kase doble.
—
Epi noumenm pòv powèt
nou ye, mesaje nouvèl gaye
n ape pote.
—
Epi kè nou repozwa
vwa asòtò apre dans.
—
N ava wè yo
sa ki di byen
sa ki di mal
zafè a yo.
—
Nan de nawè sou ti chèz ba
n ape founi je gade yo
k ape demele gèt yo.
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Manno EJÈN, depuis le Canada, Août 2024


Laisser un commentaire