————————————————————————————————————
lè m te gen 5 an
metye m
se plante solèy nan tout ti kwen
bò lakay
—
lè m vin gen 15 an
mwen santi m cho
tout selil nan kò m ap feraye
—
kon m vin gen 18 an
mwen wè w ki parèt
tankou yon vè dlo
m ap vide nan rasin mwen
yon ti gout agoch
yon ti gout a dwat
yon lòt nan mitan
—
mwen kite kò m tousuit
pou ofinal m al chwe
sou de grenn bote
lapli kite anba kòsaj ou
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Douglas ZAMOR, depuis les États-Unis, Octobre 2025


Laisser un commentaire