Siwo dòja m

sonje nan dènye gouyad la

m te pote nan zòrèy ou

andikape se maleng

k ap file  lang

bay mouch avè

devan palè nasyonal

plen midi

se moso larezon sou do mòn

ki manje bab lorizon

Miskaden touye dwa moun nan letan

se souflantchou asogwe

Avoka  mòn

nan vann pwèl bay simtyè

tout priyè konnen

Pèleren se pwa grate

k ap konte kadav nan syèl

depi w nan dòmi sou galeri

se klou gagit k ap jwe

tanbou

nan festen w

nan dènye kwen lanmè

lè bawon leve

pou manje zosman w

w ap konprann

anba chak bak machann diri Monseyè Giyou

gen yon

grenn sandal regleman

k ap pote souf nan kòsay

madan Kolo

m renmen pwèl

se pou sa legim mwen

se nan kilòt ou m sere l

Paroles des Îles

Guillol VICIÈRE — Mèt Vèb, depuis Côtes-de-Fer, Haïti, Août 2025


Commentaires

2 réponses à “Kamyonèt sou galeri — un poème de Guillol VICIÈRE (Mèt Vèb)”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *