Cette traduction en créole haïtien s’inscrit dans l’initiative de l’émission Tout est poésie , animée par Mingolove Miguel Romain, qui propose une exploration vivante et accessible de la poésie haïtienne à travers des lectures, des traductions et des partages en ligne.

Signée par Ricardo Auguste, cette version inédite intitulée Mwen konnen yon mo cherche à restituer la force et la musicalité du poème original tout en l’ancrant dans la langue maternelle d’Haïti.

Lire Depestre en créole, c’est rendre à la parole ce qu’elle a de plus vivant, de plus intime, de plus résistant.

René Depestre
JE CONNAIS UN MOT

Je connais un mot aux ébrouements d’ailes
il provoque des vertiges de bonheur
il ressuscite les heures immortelles
il gonfle les voilures de mes rêves
il nourrit une lueur d’amour dans mes yeux.

Je connais un mot en tourment d’épopée
il flotte sur l’émail des prairies
sur la brise ménétrier volant
sur l’érosion des mornes
sur la détresse des cigales
sur la mer immobile et inquiète.

Je connais un mot aux charmes caraïbes
il brille dans les caprices des rivièresdans la lune au fond des mares
dans le bruissement des feuilles
dans le gazouillis des berceaux
dans la fumée-panache des chaumières.

Je connais un mot au passé fabuleux
il se moque de la moue de ses ennemis
il condamne le malheur des taudis
il tombe de sommeil sur sa natte
dans la solitude des villes.

Je connais un mot tout flambant d’histoire
il sonne la diane des petits matins d’émeutes
lors des rassemblements dans les bois fraternels
avant de mettre le feu aux champs de cannes
ayant en poupe le vent de la liberté.

Je connais un mot qui est le bien de tous
des paysans enchaînés des restavecs
comme des familles dorées sur tranches
le bien de l’enfance aux joues émaciées
devant des tigres déguisés en citoyens.

Je connais un mot qui contient toute ma vie
mes espoirs et tout mon désespoir
ma tristesse du dimanche soir
mes jours complices de l’amour
mes bondissements de poulain
lâché en poète dans la savane du monde.

Ce mot donne un sens à mes nuits
il veille sur la couleur de ma peau
il est dans la fatalité de mes errances
il alimente ma haine des injustices
il est la détente de mes mains prêtes
à gifler ceux qui prostituent leur métier d’hommes
ce mot est mon navire de paixce mot est mon amour
ce mot est ma folie : Haïti.

René Depestre,
Recueil Étincelles (1945)



MWEN KONNEN YON MO

Mwen konnen yon mo ki konn vole gagè
li fè lòlòj moun vire tankou toupi
li fè letènite kase tèt tounen
li gonfle vwal rèv yo tankou gagann zandolit
li kaye tankou reyon limyè lanmou anba je m

Mwen konnen yon mo grandèl toumante listwa
li fè kout tèt tankou ti papye nikle atè nan lakou
Nan ti van ki louvri zèl
sou mòn yo kap pran grad nan malè
Se yon bann zwazo fou ki pete kriye
sou lanmè pwennfèpa — mò rèd

Mwen konnen yon mo jòf anba jipon lanmè karaib
Se bèl wòch tout Koulè ki dodomeya anba rivyè yo,
Yon lalin ki tranpe pye l nan ma dlo
nan bri fèy lè pye bwa ap fè lese frape
nan pwezi vwa timoun ki fè eko sou bèso,
nan lafimen ki grenpe pye palmis tèt anba

Mwen konnen yon mo ki trennen tan an nan pye,
li fè koupab ki pa kapab frèt kon mab
li boude dyòl sou lamizè nan katye bouda chire
li tonbe dòmi sou lonbray nat
nan kè sere vil yo.

Mwen konnen yon mo ki wonfle fò nan listwa
li sekwe kòl lè yo rale zing pou revòlt douvanjou
lè moun fè ti pil gwo pil nan raje lavi
anvan yo mete dife nan chan kann
Yon yayad ki rale monte van libète

Mwen konnen yon mo ki antre nan souf tout moun
Nan souf peyizan yo mare nan chèn
Nan souf restavèk san non
menm jan nan souf fanmi ki gen syèl la nan san yo
Se byen timoun ki pot bann machwè nan vant
devan chaloska mal maske kap likide peyi

Mwen konnen yon mo ki fè yon gwo twou nan rèv mwen
Se la mwen met griyen dan
Se la mwen met tout lanp souf mwen etèn
se la mwen mete jòf ak batman kè m
Se la figi dimanch swa resi fennen
Se la lanmou aprann fè sitirè
Se la kè m aprann monte chwal malen
Ki lage tankou powèt nan savann dezole.

Mo sa a redesinen nwit mwen
Mo sa bat bravo pou koulè po m
li nan pwent tout kalfou miwo- miba m konnen
li konnen mache chèche pa dòmi san soupe
li se fòs ki fè m gade solèy la nan je
Li di malè ak moun ki vann batistè pou po patat
Mo sa se yon gwo bato ble e wouj nan dlo je m
Mo sa se sèl lanmou mwen konnen
Mo sa a se foli mwen: Ayiti.

Ricardo auguste — Traduction en créole haïtien (2026)
Recueil Étincelles, René Depestre (1945)
Ricardo Auguste
Texte original de René Depestre, traduit en créole par Ricardo Auguste. Lecture et interprétation vocale par Jean Raphy Domond.
Jean Raphy Domond


« Traduire Depestre en créole, c’est rendre à la langue maternelle ce que le poète a confié à la langue française : une douleur, une colère, une espérance. »
Philippeson Juste


Commentaires

Une réponse à “Mwen konnen yon mo — Une traduction créole haïtien de René DEPESTRE par Ricardo AUGUSTE”

  1. Travay la pwòp, li bèl! Felisitasyon powèt!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *