———————————————————————————————————
Pòtoprens
se yon boul dyaman
okenn òfev pa ka taye
—
Pòtoprens
se yon boul dife
ki twò cho pou pla men le monn
—
Pòtoprens
se yon boul san
ki kaye nan souf nou
—
Pòtoprens
se yon boul malatchong
ki pa janm tonbe
—
Pòtoprens pa m lan
se yon pòy sigarèt
nan fatra bò lari
pèsonn pa vle ranmase
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Jeanie BOGART — Sa m Pral Kite Dèyè, depuis le Canada


Laisser un commentaire