———————————————————————————————————
N ap tange sou klou gagit
je n plen rabouch
rèl makonnen nan rèl do
lavi se yon chay san toke
n ap pote jouk nan syèl.
—
Se yon pèlerinay san
nwasè lanmò fè tou wouj
Nanpwen zòt je pete klere
k ap vin ede n meble fenèt
si pa gen lizay lachanm
—
Se sèl sezaryèn revolisyon
ki ka wete lespwa sèkèy madoulè
Sinon tout mò isit gen dwa viv
anba lalwa leta
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Anderson ILIODAIN (Ekritizè), La République Dominicaine, Mai 2025


Laisser un commentaire