————————————————————————————————————
Siwo dòja m
sonje nan dènye gouyad la
m te pote nan zòrèy ou
—
andikape se maleng
k ap file lang
bay mouch avè
devan palè nasyonal
plen midi
—
se moso larezon sou do mòn
ki manje bab lorizon
lè Miskaden touye dwa moun nan letan
—
se souflantchou asogwe
Avoka mòn
nan vann pwèl bay simtyè
—
tout priyè konnen
Pèleren se pwa grate
k ap konte kadav nan syèl
depi w nan dòmi sou galeri
se klou gagit k ap jwe
tanbou
nan festen w
nan dènye kwen lanmè
—
lè bawon leve
pou manje zosman w
w ap konprann
anba chak bak machann diri Monseyè Giyou
gen yon
grenn sandal regleman
k ap pote souf nan kòsay
madan Kolo
—
m renmen pwèl
se pou sa legim mwen
se nan kilòt ou m sere l
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Guillol VICIÈRE — Mèt Vèb, depuis Côtes-de-Fer, Haïti, Août 2025


Laisser un commentaire