————————————————————————————————————
De gout swè koule
sot tonbe nan fontèn lesyèl
Kè vil Gonayiv bat jous bò dèyè l
Atansyon zanmi
vil sa se vil ki konn gou move rèv
—
Syèl la mare figi l
e fè pipi sou tèt vil la
Kannal Dat ak Rivyè Lakent bwè dlo ra gagann
epi tonbe vomi
vomi tout fristrasyon k te nan vant yo
—
Atansyon zanmi
Gonayiv pa vil ki ka kache lonbrit
lè l ap benyen nan lapli
—
Si w wè m pa nan tete lang
ak mwa Septanm
se pa paske m gen mwa prefere
Si w pa te konnen zanmi
mande ministè anviwonnman
depi 2004
kochma Site Lendepandans lan
gen mwa de nesans
—
Lè lavi ansent katastwòf
Moun Gonayiv konnen byen
nan ki sezon li fè bèl pòte
—
Se poutèt sa
Menm lè ta gen rate prenon
Pyès manman nan Gonayiv
pa p gen foli rele pitit yo Jàn
ni Ana ni Ayk
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Miguel Mingolove ROMAIN, depuis les Gonaïves, Haïti, 2018


Laisser un commentaire