———————————————————————————————————
Cheri
ou woule m nan toutouni w
san konnen poukisa gen jou
ki mache bwete
Mwen sispann viv ojoulejou
pou renmen w ak lalin ki leve
san adrès san ansèy
—
Mwen menm poliglòt bèbè
Mwen kontinye nan gras ou
ak tout chante m chante deja
k ap grandi nan pwop sèkèy yo.
—
Si paj blanch pa t bliye non l
ou ta ofri l yon kilòt cheri
pou l konnen chen kole fè lanmou pa do
E mwen avè w pa tann sezon sèch
pou trase liy pataj nou.
—
Cheri
se rivyè m moute ak latranblad
pou adore tete w tankou ti boul dlo lapli.
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Litainé LAGUÈRRE, depuis Port-au-Prince, Août 2025


Laisser un commentaire