nan mitan twa touf solèy
nanm nou fredone alelouya pou zonbi leta
fyèl nou pete tankou kat kafou
k ap pyafe nan de gòde dlo sikre
–
rèl nou jwe marèl tanmen yon yanm malouk
anba dra machann kout fouk sou bòdmè
–
fyèl nou pete
tankou
yon ponyen zetwal malonèt
ti kle monte ti kle desann

Vag Poetik
Paroles des Îles
Godson Moulite, Carrefour, Haïti, Octobre 2025


Laisser un commentaire