————————————————————————————————————
Si demen ta bliye mwen ak ou
se pou non nou kouri nan venn sila
k ap gen pou vini aprè nou yo
—
Lasosyete bèk fè
se jwèt sèk l ap fè ak lonbray li
Se pa pou dan griyen
m renmen ou lajè lavi m
—
Lè nanm ou kontre ak memwa m
depi se figi
ki te pote m jouk isit la
marenge douvan m
—
Fason non w mezi djòl mwen sa a
depase langaj m leve ap pale
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Ninia BIEN-AIMÉ, depuis les États-Unis, Octobre 2025


Laisser un commentaire