Pandan vil la
neye
nan silans
–
Kilès ki pou pale
pou drapo n
sispann monte
lachanm sèlman
–
pou lonbraj mouche leta
bouke apante
chèz vid
sou zepòl pèp bèkèkè
–
Kilès ki vle rakonte
pou mouche solèy
sispann vire do
bay tchovi isit
–
Kilès k ap kole pyese
mòso vwa
pou van chanjman soufle ?
–
Kilès ki pou tande
rèl osekou
nan chak batman
koridò larepiblik
–
Kilès ki pou di ase ?

Vag Poetik
Paroles des îles
Jennifer Eugène, depuis Port-au-Prince, Haïti, 2025


Laisser un commentaire