————————————————————————————————————
Yèswa m reve w k ape vini
ak tout boulin
yon latriye zetwal nan zye w
Lè mwen pare pou m voye chèche w
anvan lapli tanmen
Mwen pantan toutouni
kè mwen tanbou batan
Solèy te gentan leve
jou bare m k ape chante non w dous dous
—
Kòmè
ekri non mwen anba sapat ou
pou m pa pèdi ale vini w
Mwen pa ni fou ni anraje
Men
renmen w se sèl malè pandye
mwen bobo je fèmen
Yon ti priz pwazon vyolan ki bon pou vivans kè mwen
—
Pawòl lanmè san sèl
lè chit powèm nan pase lwen ou
Yo di mwen lanmè pa sere kras
dayè mwen tou
m pa bwat sekrè
Tout vèditè dwe konnen mwen renmen w
san bout nan lajè linivè
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Jean Grégory Floriyo (GREGPHILE), depuis Port-au-Prince, Haïti, 2025


Laisser un commentaire