————————————————————————————————————
Vil la pete kriye tankou ti moun k ap fè dan
Vil la fonn nan pla men n
Yon bann mòso powèm pandye
Yon bann madjigridji mouye
Tounen kat idantite n
Syans ak teknik menm fin anemi nèt atò
Rèv la blan pase koton
—
Vil la ap jwe marèl de janm louvri
De pye l nan yon sèl sèkèy
Politisyen ap jofre malè n
Palè nasyonal kouche sou yon nat plen pinèz
Pye kout pran devan — rèv la blan pase koton
—
Vil la pran nan piman zwazo
Vil la fouye dwèt nan je l
Alèkile gede danse nan tèt zòt
Si gede pran pouvwa
Peyi a ap tounen yon bèl betiz
Yon trip vide sou papye jounal
Yon labim k ap fòse mache sou talon kikit
Yon wòb koton — yon boul digo nan mitan lanmè
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Ricardo AUGUSTE, depuis les Étas-Unis, Octobre 2025


Laisser un commentaire