————————————————————————————————————
Se nan pa pòt ou
mwen trase chemen batistè m
Anba kabann bitasyon ou
mwen aprann kache pou rèv zonbi
ak madigra pa fè m grimas
Konsa dòmi pote m ale nèt ale
Fènwa reveye anba do m
Krik krak anba zetwal tout je kale
—
Menm rat kay pa manke penpennen
nan mitan soukous kadyak mwen
bip bip
Bigay pran po do m pou piyaj
Pinèz souse dènye gout san m
Ay ! Menm yon krich dlo yo pa pote
ale wè de twa gout sewòm sou lang mwen
Adje mwen fin pèd pawòl
Mwen menm bliye moso nan listwa m
—
Men andirans nan memwa m
ape triye fèy apre fèy
tout malveyan ki pa vin pou lapè.
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Sherly Tanis CATOR, depuis Port-de-Paix, Haïti, Mai 2024


Laisser un commentaire