Vil la mitraye ak lanmò

Mwen m ap tann mitrayèt

Lanmou w brake sou mwen

Touye m ak lanmou

Move nouvèl

Souvan fwape pòt inosan

Inegalite pran kui

Pou annuiye tout kwen

Dan jenewozite

Absans ou make m

Plis pase kadav sou tèt

Bwa Vèna

Lè peyi a pran tòde

Ak doulè

Je dou w sifi kòm antidòt

Emosyon yo

Deklannche

Bwa sèkèy anba bwa

Elis

Lanmou m anime m

Nan chimen w

Ki konkèt ki pi kokèt

Nan moso entensèlman

Souri w

Tout deba

Ki defini naratif la se ou

Mwen m ap kesyone deriv yo

Sèl pye m ki fè street ou swente

An n efase tout

Fineray lanmou

Pote nan lespri

Chema konvansyonèl

N ap envante a chita

Kuis a kuis

Fouk nan fouk

Pou jis lavi bouke ak nou

Vag Poetik

Paroles des Îles

Donley MÉNARD, depuis Delmas, Haïti, Mars 2025


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *