Lasibab nan sèvèl kalbas fezè

sèvi janmdebwa

pou pete plafon zèansyen

soulye po lamizè

mak plat pye jodijou bwè

nan lacharite sèt kare chenè

anvan kanaval nan riyèl myèl

lekòl asasen lage bonè

sou lakou jekwazandye an kè

tranglay marasa dyòk absè

anba soutàn kawo blan pasè

Dekourajè gwo plòm

dyab

donnen kidnapin lyann rayisab

kon dyondyon sou plonm bab

bèf malad sou sab

antere lespwa nan ze nwa fab

krapo bonga sou do krab

konplotay mafyab

sou dlo sale tafya koupab

tè arab

Paroles des Îles

Gary S. Daniel (Nèg Gonbolyen), depuis les États-Unis, 2024


Commentaires

Une réponse à “Dyondyon sou plonm bèf — un poème de Gary S. Daniel (Nèg Gonbolyen)”

  1. Avatar de Jean Luc Fénélus
    Jean Luc Fénélus

    Se gwo koze,.nan jèfò kap fèt pou sipòte lagè manman nou :kreyòl ayisyen an.
    Chapo pou Gary SDaniel

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *