De gout swè koule

sot tonbe nan fontèn lesyèl

Kè vil Gonayiv bat jous bò dèyè l

Atansyon zanmi

vil sa se vil ki konn gou move rèv

Syèl la mare figi l

e fè pipi sou tèt vil la

Kannal Dat ak Rivyè Lakent bwè dlo ra gagann

epi tonbe vomi

vomi tout fristrasyon k te nan vant yo

Atansyon zanmi

Gonayiv pa vil ki ka kache lonbrit

lè l ap benyen nan lapli

Si w wè m pa nan tete lang

ak mwa Septanm

se pa paske m gen mwa prefere

Si w pa te konnen zanmi

mande ministè anviwonnman

depi 2004

kochma Site Lendepandans lan

gen mwa de nesans

Lè lavi ansent katastwòf

Moun Gonayiv konnen byen

nan ki sezon li fè bèl pòte

Se poutèt sa

Menm lè ta gen rate prenon

Pyès manman nan Gonayiv

pa p gen foli rele pitit yo Jàn

ni Ana ni Ayk

Vag Poetik

Paroles des Îles

Miguel Mingolove ROMAIN, depuis les Gonaïves, Haïti, 2018


Commentaires

4 réponses à “Rèv mouye — un poème de Miguel Mingolove ROMAIN”

  1. Avatar de Malèb Jozèf
    Malèb Jozèf

    Tèks sa bèl anpil.

    1. Avatar de Jean Domond
      Jean Domond

      Se yon tèks mwen ekri fèl parèt nan vag poetik pou mwen .

  2. Avatar de Jean Domond
    Jean Domond

    Pwezi nan gòj

    Map kontinye di pwezi
    Pou tout powèt kap soufri
    Map kontinye di pwezi
    Nan yon peyi kap detwi
    Pou tout sakap rele maten midi aswè
    Pou tout sak pèdi yon sè
    Yon frè, yon manman, yon papa , ak yon zanmi
    Mwen plòtonnen fòs ak kouraj ak tout sakap chache yon moso delivrans pou ti mounn kap leve chak maten San yo pa jwen anyen ke vizaj manman ak papa kap gade yo. Map kontinye di pwezi
    Pou tout sak je kale men ki paka wè soley la kap leve pou yo. Map kontinye di pwezi pou sak bouche zòrèy, pou sa ki pa konprann se peyi nou ki an koma.
    Wi map kontinye di pwezi menm si sa ta koute lavim paske parol nan bouch mwen se sel Medikaman pou soulaje grangou nan vant .
    Wi fòm kontinye di pwezi.

    Domond Jean Raphy

  3. Avatar de Chery Jackson
    Chery Jackson

    Tèks la move anpil

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *