cheve w

yon ponyen lapli

k ap farinen nan men m

je m tonbe nan je w

kè m fann

m ap bwè souf ou pou m kenbe lavi

pwent tete w

seriz sou gato

fanm kreyòl

lang ou se lang simbi

yon kou pou de

m fè priyè m nan bouch ou

lè danmbala mande m siwo

Paroles des Îles

Florestal le Moine, depuis Cap-Haïtien, Haïti, Février 2023


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *