kote w ri

yon ribanbèl papiyon

sèvi m kouwòn 

vil yo anpenpan

tankou solèy lapli makiye

zetwal fè lago kache

nan de ranje dan w 

tout lò latè

bliye wout kay òfèv

Kè m tounen lanp tètgridap

k ap piyanp piyanp 

nan kalfou zo pwason 

zafè sila k pa konnen

si w se premye mèvèy dimonn  

mwen m pa bouke make pa

nan kanaval souri w 

lè fanm ki jalou w

fè bri pase cha 

tout motè debreyèl mache dwat

tout rivyè se sous

pou flè w pouse 

Tonnèboule m an sann

se souri w ki te leve Laza 

Paroles des Îles

Smeev Jerry, depuis Gonaïves, Haïti, Août 2025


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *