———————————————————————————————————
depi m maten m leve
nan pòtre w m trase nan je m
tankou m ta di w se […]
ou se manman letènite
—
tèt dyòl ou fèt
tankou yon karamèl
m anvi souse
jiskaske lang lanmè kale n vag
—
m gade lonbrit ou
tankou yon gwo tourego
ki arebò twotwa granri
— m ap priye
kilè m a tonbe ladan
—
m a resi jwenn refij mwen
tankou lang foumi fou
ki tonbe nan siwo
— kann madan yogann
—
m priye silans ou
men m pito tande bri dlo
lè lapli ap tonbe
— anba lang ou cheri
—
très yo pèdi lizay
nan je m tankou lorizon
— k ap depafini
nan pla men pè letènèl
—
ak douvanjou
bonjou koupe fache
— depitanndat
gad ak ki je solèy gade m
w a konprann poukisa
m pè leve lèmaten lè w pa la
—
di manman m
kouray mwen pèdi fòs
nan rigòl san
devan sent bènadèt
— adyeridan
ki sen ankò pou m priye
ki kote fwa sa a pou m jete dlo
— pou w tounen
—
maten an ankò
m vin devan w benadèt
solèy la leve li pa di m bonjou
ou ban m pote doulè
sou kwa rezistans
e depi lò sa se dlo bouch mwen
— ki nouri m
—
kanmarad si m pa tounen
pran pretèks petwo karibe
di manman m pèdi wout lakay
— nan on #hashtag
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Ansky HILAIRE, depuis Leogâne, Haïti, Juin 2025


Laisser un commentaire