Premye fwa nou kontre
M te vin tande w
E vwa w tou chame m
–
Lè je w tonbe nan je m
Tout asirans mwen blayi
Yon nouvo woulo tou louvri
Renmen mwen
Mennen mwen
–
Yon pikan pike m nan pye
Se deyès la ki fè m kilbite
Lannwit kou lajounen
Ou nan panse m
Renmen mwen
Mennen mwen
–
Lanmou gen anpil fòs menm jan ak lanmò
Mande jèn tifi po boule a
Ki t ap koze ak bèje a
–
Lanmou bèl anpil e li gen plis valè pase lò
Men li ka fè moun tò
–
Kidonk anvan van vante
Etenn flanm sa k ap danse sou dlo depi letènite
Vin nou fè yon ti vwayaj
Nan lonbraj lanmou
Renmen mwen
Mennen mwen

Vag Poetik
Paroles des Îles
Karine BELIZAR, depuis La France, décembre 2023


Laisser un commentaire