Ey
Vini di mwen ki kote ou jouke
Se pa pou adrès ou mwen ap plenyen
Men se ak ladrès ou mwen vle kontre
san plenyen pou anyen
–
Se jis yon kout fistibal
mwen te vle evite ou pran
Paske pou mwen ou se yon festival
tou kanpe ki ap mache tankou pan
–
Epi
mwen menm an gran panpan
mwen chita anba jouk ou pou mwen veye
chak kout kokoriko ou ki sonnen
anvan lamès tanmen chante
–
Paske kote ou wè mwen ye la
Se konfese mwen vini konfese…

Vag Poetik
Paroles de Îles
Sherly Tanis CATOR, depuis Port-au-Prince, Novembre 2025


Laisser un commentaire