Ala fanm ti sina se Gonayiv

Chak premye Janvye li abiye makiye 

De pye kwaze ap tann chèfdeta 

Vin sikre anba lavil li ak bèl pawòl

Dous anba fo pwomès

Vil la sal kò l ak bravo pou granmesi 

Gonayiv 

San vanyan kase kòd nan venn ou

Louvri baryè 1804 — 1986 ak 2004 

Epi peyi monte Pòtoprens 

Bliye non w bliye figi w

Gonayiv

Boul malatchong k ap bay payèt 

Nan tchala listwa

Gwo lo pou ou se dekabès trajedi

Yon desten trase ak move vèvè

Plis ou fè bèl pòte pou do w ta poze 

Se plis dechay engratitid bade w

Kilès ki di vil la gen mèt ?

Kilès ki di Gonayiv gen mèt la ?

Antouka

Pa kouri kalonnen zetwal yo kout wòch

si yo kontinye ekri sou po do lannwit

Konbyen fwa yo pèdi somèy 

Pou jan Gonayiv souvan dòmi grangou 

anba je tout mètdam 

anba bouch tout mètchantè 


Paroles des Îles

Miguel Mingolove ROMAIN, depuis les Gonaïves, Haïti


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *