Peyi a lou pase lannuit

dlo zye k ap koule

san k trayi kò pou gangans kanivo

pyeje somèy timoun pase blag lougawou

peyi a lou

makòn masak ki mare sou lavi n

tòde kou, kofre rèv

kraze senti lespwa n

nou mache tou kwochi

labim pèdi fon nan gade n k ap koule

se de bra pandye

n ap fòse pote

yon peyi k ap kapote

yon peyi k lou pase lannuit

Paroles des Îles

Carl Henry BURIN, depuis Port-au-Prince, Haïti, Novembre 2024


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *