Si m reveye yon jan kagou
M priye yon zwazo chante
pou I ede solèy la leve.
–
Si m pa kapab dòmi lannwit
M mande syèl la vin pi ba
pou m selebride de zou twa nyaj.
–
Si m nan bezwen bwè yon ti dlo
M priye flè yo vin pi laj
pou yo kenbe plis larouze.
–
Si m anvi wè ti moun fleri
M mande latè louvri janb li
pou bay plis viv, pou bay plis fwi.
–
Si pou fini, m bezwen renmen
M priye kè m bat pi fò pou yo tande li toupatou.

Vag Poetik
Paroles des îles
René Philoctète, Cent poèmes créoles, revue conjonction, depuis Port-au-Prince, décembre 1992


Laisser un commentaire