Jodi a mwen te anvi ekri w
men m pa jwenn mo
Plim mwen antòtye
nan bouske retay fraz
–
Louvri zorèy ou
Kite powèm nan chire kò ou
Mo yo fontèn
Depi ou tande yo w ape mouye
–
M pa konnen
si ou gen pantalèt derechany
Paske nan voye mo
toupatou sa k sou ou a ka chire

Vag Poetik
Paroles des îles
Jackson CHERY, depuis Ganthier, Haïti, 2024


Laisser un commentaire