Avan tout lank fini

m vin di w 

kite priyè a fè chemen l 

pou okenn barikad 

pa anpeche kò nou fwote 

sou moso mizik la 

M pa nan fè gwo kòlèt

kòmkwa mwen se powèt 

ki gen plis enspirasyon 

m vin di tout moun 

se ou ki pote 

tout vèb mwen yo

Premye fwa m ekri 

san pwen 

san vigil

anba je lisifè 

moso

powèm sa a

se kras tabak 

nan pip grann mwen

Chak souri 

chak gouyad 

chak kout ri 

se pwomès paradi 

tankou lè zanj ap pran lang 

Si ou wè m te pran tan 

pou dedikas sa a  

lè w powèt w ap konprann 

pyès gwo ekriven 

pa ka kole mo pou dekri Bondye 

Ou se Bondye m 

m pa gen pou m priye 

peche m yo padone 

nan bitasyon kè w 

mèsi 

paske w pote sant retay kilòt 

ou nan kalson m 

Avan w fin mouye lang ou

nan powèm sa a 

mete kilòt nwa a 

fè yon milyon ven foto 

paske toutouni w 

se solèy ki limen 

chak fraz mwen ekri 

Se pi bon refren 

pi bon solo 

pi bon akò 

se yon dlo dous 

nan Lalin ak Solèy 

Powèm nan

se yon melodi gouyad

k ap fredone sou pigatwa m

Mwen renmen w se pi gwo pwen 

fraz mwen yo chante


Paroles des îles


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *