M pa fè powèm pou doulè dous
M ap korije kaye sivilizasyon san
Isit la menm nan Tabènak Ife
Isit la menm sou tè sa a
M bay lanmò ason
Isit la menm sou tè sa a
Malè yo voye sou mwen
M ba yo maleng malen pou yo pa janm fè sa
Isit la menm sou tè sa a
Yo mache anba tè pou yo jwenn pwen mwen
–
O powèm bò manman
O powèm bò papa
Men powèm mwen pou mwen
Yo pa vle m danse andan l
Men pwoblèm mwen pou mwen
Yo pa vle m griyen dan m ladan l
Men lanfè m pou mwen
Yo pa vle m di l lanmèd
Men bondje m pou mwen
Yo pa vle m mouri ladan l
Men peyi mwen pou mwen wi
Yo refize m lavi ladan l
Lè limanite pran dlo
Se mwen ankò wi
Ki pot mo kolboso yo sou do m
–
Isit la menm sou tè sa a
M lwe letènite kay
M jwe kat sou tab ak laj mwen
Kite lavi a rann gaz
O powèm bò manman
O powèm bò papa
Se pa jodi a y ap debagaje rèv
Pou jwenn pwen mwen
M kite gad mwen ap gade yo
San fè regadan
San fè lach
–
Si w pa konn non m
Rele m sele pa moute moute pa sele
Si w pa konnen mwen
Rele m sele pa moute moute pa sele
Di yo nou pa modèl moun mouch ka achte
Nan lavant vyann move sant
–
Lè powèm mwen ap benyen mwen
Lè powèm mwen ap pran swen mwen
Ale di yo
Vanjans pa n mete van aleprèv
Vanjans pa n dechire vil dechire tan
Dechire rèl dechire lang
Dechire vid pou lavi koule luil
–
Sonje nou sonde son kat kalfou
Kat kalfou sonde son nou
O silans bò manman
O silans bò papa
Isit la menm sou tè sa a
Nou bay defi dife refi
Pou n kanzo dlo
Pou limanite ak libète mache kòtakòt
Nan boul figi sivilizasyon san
–
O dife bò manman
O dife bò papa
Isit la menm sou tè sa a
Isit la menm nan tabènak Ife
Nan mitan kafou kat eleman
Mwen entèpele tout eskòt powèm mwen yo
Kite manchèt mwen an kòlè
Anvan demen limen
P ap gen kav
Pou kadav rèv ki pa t vle wè n

Vag Poetik
Paroles des îles
Anivince Jean-Baptiste (Tivens), depuis Port-au-Prince, Haïti, Août 2025


Laisser un commentaire