————————————————————————————————————
Sendika pantalèt anonse grèv
Pou lanse kanpay rebwazman
anba jipon Forèdèpen
Bòt sou kou
Zoklo nan tèt
Traka pou zèb atè
Tanpri pa mande rasin
Pouki gayak ak pichpen pa menm longè
Ni pa vin anmègde fèy
pou deklarasyon kòs bwa te fè
Pa jwe nan nich si w pè foumi
Si w pa gen gan
pa badnen nan tiwèt takèt
Poze kesyon pa pase men
Pase men san poze kesyon
Kite sèpèt nan kwen l
Mete manchèt nan djinn li
Rale wou pou netwaye kwen
Si arebò jwenn
Mitan siman p ap bezwen
Si rak konnen
Raje pa bezwen rakonte
Anba jipon Forèdèpen
Zèb pouse san mezire
Anba jipon Forèdèpen
Dezè plede chare ti marekay
Tè sèk dèyè lakay ap priye pou lapli vini
Labou niche rasin
Swaf sitèn pral resi pase
Bridsoukou sous pete !
Dlo
Dlo
Dlo anvayi toupatou
Lawouze ri gra
Premye fwa nan listwa
Forèdèpen resi mouye kou kana !
———————————————

Vag Poetik
Paroles des Îles
Georgy LUNDY, depuis La France.


Laisser un commentaire