m anvi dòmi leve nan gildiv ou 

m anvi ou ban m tout koulè ou vle

m anvi sèl renn nan rara ou

di mwen si w se Senjak oubyen Senchal

pou m ka chante litani ou

jouk solèy la pèdi chalè l

m anvi ou benyen nan florida m

anvan lalin leve gad li

m vle w

m vle w jouk souf mwen sispann 

wi

pann mwen

Pann tout tchè fanm mwen

pran m jouk lanati fè kòlè 

pran m fè lespri yo fè jalouzi

pran m

jouk mèt latè makònen nou ansanm

m anvi

m anvi w

m anvi tout sa k gen anpwent ou

Paroles des Îles

Edlande Jostha ELIE, depuis L’Éstère, Haïti, 2023


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *