———————————————————————————————————————————

Jodi a fè sèt jou depi lanati mouri

Mo yo monotòn an otòn

Poutan lanmou w koton sou lang mwen

Vid mwen vale Leta sèt fwa diran

Depi jou w kite m lan

Tout ri Pòtoprens sanble

Yon ti kalap fòse pense ak eping ti tèt

Depi jou w ale a

Marengwen anvayi kadav mwen

Rèv mwen depeyize ale avè w

Depi jou w ale a

Mwen kwense la nan kat fasad lavi

Lanmou m chikata

Wilkens Scott FIFI, depuis les Étas-Unis, Octobre 2025


Commentaires

2 réponses à “Lanmou monotòn — un poème de Wilkens Scott FIFI”

  1. Avatar de Wilkens Scott Fifi
    Wilkens Scott Fifi

    Ewa anpil lanmou pou Vag Powetik, yon inosyativ majè.

  2. Avatar de Wilkens Scott Fifi
    Wilkens Scott Fifi

    Ewa ♥ 🫠❤️🔥

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *